Sa Kòmanse Avèk Ou
Ou toujou la pou ede lòt moun. Kounye a se tou pa ou pou pran swen tèt ou. Pran premye pa a avèk yon tès depistaj sante ak edikasyon sou swen sante gratis.

Deteksyon bonè sove lavi
Yo estime plis pase 1 sou 7 granmoun ameriken ki gen CKD (maladi ren).
Pwoblèm sante ak istwa pèsonèl ou ka ogmante risk ou pou devlope maladi ren kwonik (CKD). Kèk nan sa yo gen ladan: dyabèt, tansyon wo, obezite, yon istwa familyal ki gen ensifizans renal, ak orijin etnik Afriken Ameriken ak Latino. ¹ Konesans se pouvwa — pran aksyon jodi a lè w fè yon tès depistaj sante gratis epi aprann kijan ou ka pwoteje ren w yo epi jere lòt pwoblèm sante.
Temwanyaj yo
Soti nan Manm Kominote a yo
Pran swen sante w
Pran swen tèt ou ede fanmi ou tou. Fè yon tès depistaj sante gratis pou ede w jwenn chanjman nan sante w ou ta dwe konnen.
50+
kominote te benefisye de evènman tès depistaj sante DaVita yo
75%
nan moun ki te fè tès depistaj yo se te Nwa oswa Ispanik*
30%
nan moun ki te fè tès depistaj yo te gen sik nan san ki wo*
50%
nan moun ki te fè tès depistaj yo te gen risk pou maladi ren*
*Done yo te kolekte nan evènman tès depistaj sante DaVita an 2024
Jwenn Repons sou Lasante
Telechaje pake nou a gratis, enfòmasyon sou sante ki fasil pou li. Aprann plis sou kijan tès san ak pise yo ede dekouvri pwoblèm sante yo bonè; jwenn enfòmasyon sou dyabèt, tansyo wo ak maladi ren, epi jwenn ki kesyon ou ta dwe poze doktè w.

Kestyon yo Poze Souvan
Foto nan Eksperyans Sante Kominotè a
Vin jwenn lòt moun pou pran kontwòl sante avèk yon tès depistaj gratis. Jwenn yon Eksperyans Sante Kominotè toupre w.
Poukisa mwen ta dwe fè yon tès depistaj sante?
Detekte pwoblèm sante bonè ka ede ou rete an sante pi lontan. Premye etap la se fè yon egzamen.
Pran swen tèt ou ak fanmi ou
Aprann plis sou sante w pou w ka rezoud ti pwoblèm yo anvan yo vin pi grav. Fanmi ou ka remèsye ou.
Aprann done sante ou yo
Vitès filtraj ren ou, tansyon ou ak sik nan san ou se pami plizyè chif enpòtan ki ka di w kijan w an sante. Pote rezilta yo bay doktè w. Nou ka travay ansanm pou fè yon plan pou nou rete an sante.








